Otorite yo nan Sen Mak sezi plizyè zam ak munisyon

319

09\11\2020

Sen Mak_____(TRiboLAND) Otorite Lapolis avèk ladwann dekouvwi yè jedi 10 septanm 2020, 4 zam ak munisyon nan yon Machen nan pò ki pa vwadlo ak paswa Sen Mak, depatman Latibonit la ki pa sispann mete dlo nan je rès popilasyon peyi Dayiti a.

Daprè otorite yo, yon parèy dekouvèt arive fèt nan moman ajan Brigade de Lutte contre le Trafic de Stupéfiants (BLTS) nan konplisite avèk ajan dwànn yo ak otorite pòtyè nasyonal yo.

Nap raple, se tout tan gouvènman an ap bat bwavo ak ochan pou yon seri zàm ke yo arive sezi nan pò Sen Mak la, ki se yon pò ki fasil pou trafikè zam itilize pou mete dlo nan je popilasyon ayisyènn nan ak pou destabilize ou somalize peyi a atravè gansterizasyon; malerezman pa janm genyen bonjan arestasyon ki fèt pou ekpoze koupab yo e trennen yo

Si Leta ak gouvènman pat konplis nan trafik zam kap soti nan peyi Etazini pou antre nan pò Sen Mak la, yo tap deja fèmen pò Sen Mak la ki se youn pami plizyè pò kòronpi ki fasilite sangwen yo antre zam ak munisyon anndan peyi a. Oubyen yo tap konplètman fè yon bale wouze pami otorite lokal ak pèsonèl bwat leta a ki ta sanble gen men yo ki tranpe byen fon nan trafik zàm nan.

Sa ki pi tris, gen nan bato kap antre Sen Mak ki konn deja debake sa pou yo debake lanwit nan mitan wout menm avan yo gentan rive nan pò a pou enspeksyon.

Comments are closed.