Jean Roger Petit-Frère: Yon lòt potorik entèlèktyèl pati pou yon lòt monn

Pòtopwens__ Li se yon natif natal vil Sen Lwi Dinò nan Nòdwès, yon entèlektyèl konsome, yon krenye entèlèktyèl san parèy, Jean Roger Peti-Frère pati pou yon lòt monn ayè maten Jedi 8 Dawou 2019 lan apwè yon malèz. Selon rapò medikal yo, pwofesè-a te transpòte depi nan mèkredi nan lopital Sen Luk akoz yon kriz kadyak.
Lise Pòdpè nan Nòdwès, make debi karyè Jean Roger Petit-Frère antan ke pwofesè matematik. Pwofesè istwa nan divès Lise, Kolèj e inivèsite nan Pòtopwens. Istoryen pasyone istwa Dayiti-a te egalman yon politisyen madre kit e toujou mete anfaz sou etik nan relasyon sosyàl ant moun ak moun.
Depa Msye Petit-Frère se ankò yon lòt gwo kou kominote inivèsitè-a an Ayiti ki pa sispann pwan lanm nan asiste depa sanzatann divès gwo mapou entèlèktyèl nan peyi. Ke nanm li repose an pè!






