Gwo dout plane nan mitan majorite moun nan population an sou reyalizasyon travay renovasyon ubènn nan andan vil Pòdpe

208
0
Share:

Travay renovation ubènn nan vil Pòdpe ki te dwe komanse depi mwa Desanm apwè fèt Imakile Konsepsyon ta sanble nan vi ralanti. Konsa, se yon latriye fim kreyòl lokal kap onore kontra egzekisyon travay sa yo.

Depi plizyè mwa vil Pòdpe anchantye. Yo rive deboulonnen tout adoken ki nan ri Dumarsais Estimé-a e yo mete gwo pil gravye tribò pa bò pou demontré ke travay yo komanse men, ki pwal pi devan kanpe nan yon ti tan. Kèk moun nan populasyon an ap poze kesyon ki sa ki ta pèmèt ke travay sa yo kanpe; alòske yo pa jwenn okenn otorite ki di yo ki mò ki touye Lanperè. 

Se sou sipèvizyon MTPTC (ministère travaux publique transport communication) travay sa yo ye. Pèsonn moun poko konnen de ki prevyen de ki mannigans; nan tout ti kwen nan vil la tout moun ap di yap gade pou yo wè kisa Prezidan Jovenel Moïse ap fè pou Pòdpe, paske enfòmasyon yo revele se gouvènment an ki ap bay mateyèl pou reyalize travay yo men juska prezan pesònn moun pa konnen ki koz ki fè travay yo kanpe depi plizyè semènn.

Ki donk, konpayi kap antrepwann reyalizasyon travay sa yo nan Pòdpe se:  Marc Tech Construction, Mieux Construire, Ecossia, Christo Construction, Eskon Ingénierie e elatriye. Firm sa yo gen pou egzekite travay nan plizyè ri nan Pòdpe tankou wout Trois Rivière, Morne Béthel ak wout Commissariat.

Li enpotan pou nou soulinye depi travay sa yo komanse Pòdpe vinn pi sal. Gen plis twou dlo, plis labou, ak plis malpwopte nan vil la. Konsa, se sa ki mete anpil moun sou sispens paske travay yo kanpe pèsonn moun pa konnen pouki!

Nan moman nap pale la,  Pòdpe se vil ki pi sal pase tout lòt vil ki nan peyi Dayiti alòske yo toujou di li se pòt antre peyi-a avèk yon pakèt sit tourist ki fè onè ak fyète depatman Nòdwès.

Jehrbson Petit, Triboland

Share:

Leave a reply