Sèvis òdinasyon LEONEL MOCOMBE kòm nouvo pastè Église Évangélique Baptiste PENIEL nan Pòdpè

293
1
Share:
TRiboLAND

09/19/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon sèvis konsekrasyon ki fèt nan lajwà ak nan sousi pou nome 3 nouvo pastè nan Église Évangélique Baptiste PENIEL (EEBP) jounen dimanche 19 septanm 2021 an, yon jounalis TRIBOLAND (ZAMBIGUIT’ART) te gen chans fè yon ti bat bouch ak nouvo leader ki se LEONEL MOCOMBE.

Nan ti chita tande ki te fèt kèk ti tan apwè seremoni an, nouvo nome a santi se yon jwa ak tout yon onè ansyen leader, pastè prensipal (Reveran Emmanuel CHARLES) fè li pou arive konfye yon parèy misyon. Se egalman e yon sakrifis astwonomik ak yon nouvo travay ki pa fasil. Pou nouvo paste a, kondwi pèp Bondye a mande yon sajès enfini.

 LEONEL MOCOMBE trouve se yon gran plezi paske (League des pasteurs de Port-de-Paix) te la ak lòt pastè ki soti nan lòt depatman, san bliye zanmi ak fanmiy ki te pwezan yon fason pou te kwafe sèvis la nan yon atmosfè adorasyon ak seremonyèl. Nouvo dirijan an avwe bay jounalis ZAMBIGUIT’ART ke travay la pa pou legliz la sèlman, men se yon misyon ke Bondye ak legliz konfye l pou l fè yon apèl a tout moun kap viv sou tè a pou yon rasanbleman pou oryante nan chemen kreyatè a.

Sèvis la te batize jounen chak grenn òdone yo, espesyàlman LEONEL MOCOMBE malgré li konsevwa jounen sa kòm komansman yon travay nan kris ki pap fasil men ki pap enposib tou!

Saint-vil-florvens(zambiguit’art)

Share:

1 comment

Leave a reply