Pastè Ernsy Charles Lanse yon Pwojè Kabwit nan Lekòl Nasyonal Sen Maten Delima

376
0
Share:
TRiboLAND

Jan Rabèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Pastè Ernsy Charles ak ekip li fè yon nouvo vizit nan Lekòl Nasyonal Sen Maten Delima, ki chita nan lokalite Fon Zonbi, komin Jan Rabèl, samdi 2 dawout 2025 lan. Nan kad vizit sila, yo lanse yon pwojè inovatè ki rele “Pwojè Kabwit”, ak objektif pou ranfòse kapasite ekonomik fanmi elèv yo.

Pou mete pwojè a sou pye, Pastè Charles bay yon kontribisyon inisyal 75 mil goud, ki sèvi kòm kapital pou achte 7 manman kabwit. Sistèm lan senp: chak fwa youn nan kabwit sa yo fè pitit, yon elèv nan lekòl la ap resevwa youn kòm don, jiskaske chak timoun jwenn pwòp kabwit pa li. Se yon modèl solidarite sikilè ki vize garanti soutyen dirab pou timoun yo ak fanmi yo.

Daprè Pastè Charles, inisyativ sa a se yon fason pou mete baz yon ekilib finansyè, pou ede timoun yo prepare pou yon lavni miyò. Li mete aksan sou filozofi li toujou defann: soutni sila ki pi fèb yo, epi li kwè “men anpil, chay pa lou.”

Pwojè kabwit sa a reprezante pa sèlman yon aksyon charitab, men tou yon modèl devlopman kominotè ki baze sou patisipasyon, solidarite, ak espwa.

Dènye fwa Pastè Ernsy Charles te vizite lekòl sa, li te pote tablèt ak bay lajan pou pase men nan lekòl sila.

Share:

Leave a reply