Nan sousi pou evalye bezwen viktim yo aprè tranbleman 6 jwen 2023 a, yon delegasyon miltisektoryèl vizite Sentelèn.

932

06-10-2023

Jeremi Ayiti (TRiboLAND) Yon delegasyon ki te genyen nan tèt li, delege mesye Louissaint Cezar, direktè Depatmantal Polis lan, Paul Menard, majistra komin Jeremi an, Claude Harry Milord, direktris proteksyon sivil lan, madam Christine Monquele, divès reprezantan ONG vizite Sentelèn kom zonn ki te pi frape anba tranbleman 6 jwen 2023 a.

REPREZANTAN ekzekitif agronòm Louissaint Cezar ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND ,konfime ke yo pwal fè demache bò kote enstans konsène yo pou pote asistans bay viktim yo nan kelkeswa nivo sosyal viktim yo nesesite a.

Nan sans sa, plizyè viktim swete fwa sa a chodyè a monte sou non viktim yo, e lè pou li desann, lap desann e separe ak viktim yo.

Comments are closed.