Fòs sekirite ayisyènn yo mete anba kòd yon pwezime chèf gang kanadyen nan ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture

452

Pòtopwens__(TRiboLAND) Yon chèf gang blan kanadyen jwen arestasyon li yè mèkredi-a nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, dapwè yon enfòmasyon bò kote otorite polisyè yo.

Richard Joseph Levesque ki genyen 65 lane e ki se kanadyen natif natal te idantifye kòm alatèt yon gwo poban katèl ki gen zèl li nan Repiblik Dominikènn, an Ayiti ak Kanada. Dapwè Michel-Ange Louis Jeune ki se pòt pawòl PNH la, Mesye Levesque se manm yon gwo rezo gang ki pote non “Hell Angels” (Lanj Lanfè yo), e ki espesyalize nan trafik dwòg ak zak asasinaj ki gen pou wè ak egzekite nan lari gran jounen sitwayen kanadyen ak lòt nasyonalite nan peyi Kanada.

Levesque ke yo tap chèche tankou chyen fou e ki  genyen yon latriye chèf dakizasyon ki pandye sou tèt li, te antre andan peyi dayiti abò yon vòl Air Transat (TS664) ki te soti Monreyàl, gen pou li fè fas ak yon pwosesis ekstradisyon ki pwàl pèmèt li reponn kesyon Lajistis Kanadyènn.

Comments are closed.