Desè lakay ka fè-w kokèt ak kokiyaj!

0 510

Yon ti mòso gato kokoye tranpe nan lèt nesle avèk yon ti gout wòm babankou lakay nou ayiti ka fè-w niche dwèt ou jistan ou pèdi yonn nan yo! Se konsa yon jou mwen te nan studyo a, mwen tap panse avèk yon ti desè ki te pote’m ale byen lwen lakay, kote mwen te menm pwan sant yon bon ti gato kreyòl kap fèt. Ou ka konn fè patisri, men se pa pase moun lakay yo!

Ebyen, se konsa jou sa a mwen te deside mete tout enspirasion sa yo nan travay mwen. Natirèlman, 80% travay mwen yo soti nan etadam mwen oubyen nan sibkonsyans ( subscontiously) mwen ki chita sou enspirasyon memwa mwen de tout sa mwen te konn viv nan tan mwen te viv ayiti yo; ebyen fwa sa a pat gen okenn diferans. 

Mwen kouri nan boutik ki vann materyo pou art ki tou prè lakay mwen e yonn nan premye bagay mwen te wè se te kèk mòso kokiyaj. Pwiske kal kokiyaj se flè ki sou pifò plaj nou yo an ayiti, enspirasyon an te ale pi lwen ke mòso gato kokoye-a. Avèk ampil jwa, mwen te achte plizyè sachè kokiyaj. Ah! Osito mwen retounen nan stidyo a, mwen pwan yon mato, mwen kraze tout kokiyaj yo an timiyèt mòso. Li pwan-m yon bon ti tan pou-m separe tout ti mòso kokiy yo yon fason pou-m te ka aranje tout koulè ki sanble yo ansanm pou kreye diferan linn pou tekstil-la ka byen enpwime.

Avèk ti moso bagay sa yo ki te vinn sanble ak ti moso kokoye rape yo, mwen kreye yon aranjman inik e ki trè kokèt ak kokiyaj. Yon pi bèl model tekstil ki pa fasil pou jwenn nan lemonn (fine sea shell textured fabric in the world). Mwen reyalize yon bèl chedèv ki diferan nan tekstil ak enspirasyon. Jwenn enspirasyon nan ti desè lakay, se yon jwa ki inesplikab! Desè lakay kapab fè-w abiye kokèt ak kokiyaj! Ki manje lakay ki enspire ou?

Holchiline Alcy, Ekspè nan Fashion Design

Leave A Reply