Petyon Vil: Yon ti kal pikliz koz yon polisye mouri, yon lòt pwan yon bal nan bouch, e plizyè lòt moun blese

0 650

Petyon Vil__(TRiboLAND) Li te 1:00 am yon gwo katchouboumbe eklate nan yon restoran deklas “Aris” tou pwe Otèl Oazis la, nan Petyon Vil kote ke 2 polisye fè echanj kout zam poutèt yon ti ponyen pikliz.

Steve Louis

Steve Louis, (ki gen ti non jwèt li Boudoum) se non polisye sa ki mouri apwè ke li te fenn achte yon griyo ki pat genyen ase pikliz. Steve selon kèk temwen ki se yon bon kliyan restoran an, te retounen al fè reklamasyon pou ti aksantegi pikliz la; alòske yon lòt polisye ki te an sivil te mande Boudoum si li pa wont e pou-l sispann voye postiyon sou manje moun poutèt yon ti aksantegi piklis. Konsa, Boudoum ki pètèt pat anmezi pou kontwole kolè li, li rale zam li e li tire lòt polisye-a nan bouch. Konsa, polisye-a ki pat gentan mouri te sibitman rale zam li tou e sèvi Boudoum ak 3 bal pami yo, youn nan tèt.

Malgre ijans pou te kouri bwid soukou avèk Boudoum nan klinik Lambert a, kote li ran dènye souf li. Apa de lòt polisye sa ki pwan bal nan bouch li e ki te afekte nan Palè Nasyonal, genyen gitaris byen konni ki rele Delice ki pwan bal tou, men lavi li pa andanje; san konte yon lòt ki blese, men ki vle rete anonima.

Leave A Reply