Yon kominote ki rele Yambambo ap pwezève Kilti Ayisyen an nan Kiba

0 379

Ciego de Avila, Kiba__(TRiboLAND) Kominote Yambambo-a ki plase nan zònn santral Kiba, genyen yon pòte sosyokiltirèl e toujou detèmine pou bay jarèt nan pwezèvasyon rasenn tradisyonèl li ki se Ayisyen.

Pwojè sa ki jwenn sipò Fondasyon Nicolas Guillen, ap layite kòl nan zònn avwazinant Tuero nan minisipal Moron, yon lokalite ki pa sispann pwatike ou kenbe an vi koutim ak kilti imigran Ayisyen yo te pote nan peyi Kiba nan fen dènye syèk la.

Desandan ayisyen sa yo ki fòme kominote Yambambo a, pwezève kwayans yo, seremoni relijyez yo, manje ak bwason tradisyonèl ak ju fèy òganik ke zansèt yo te kite pou yo kòm eritaj pou konbat yon pakèt maladi.

Pwojè Kominote Yambambo-a fasilite fanm tou jwenn travay nan ede yo kreye yon pakèt pwodwi tradisyonèl ayisyen tankou: atizana ak pwovisyon alimantè ayisyen ke moun kap viv nan Tuero benefisye anpil.

Leave A Reply