Jan-Rabel: Manifestasyon elèv Lise Louis Joseph Janvier ak Lise Dominique Savio pou mande liberasyon yon pwofesè

0 521

JANRABÈL_(Triboland) Elèv Lise Louis Joseph Janvier makònnen ak Lise Dominique Savio manifeste nan Jan Rabèl Madi 30 Avwil 2019 la yon fason pou mande liberasyon san pèdi tan Dalgé Selvandieu, yon pwofesè Matematik nan 2 lise sa yo ak plizyè koléj nan Janrabel. Pwofesè sa-a ki nan prizon nan vil pòdpè depi 3 mwa, gen akizasyon sa yo sou do li tankou asosiyasyon malfetè, kidnapin ak anlèvman .

Elév manifestan yo estime pwofesè Dalgé inosan, absans li paralize totalman majoriite kolèj ak lise yo nan kominote a pwiske nan Mat la gen yon pati se sèl pwofesè Dalgé ki ansenye-l daprè manifestan yo ki swete otorite jistis yo nan pòdpè libere san kondisyon pwofesé a pou-l sa vinn travay ak yo. Selon elèv yo, dat egzamen ofisyèl yo ap vanse sou yo pandan yo bay vennkatrèdtan “24h” pou sa rive fèt; ki donk, pase dèle sa-a, yap oblije monte nan palè jistis pòdpè a pou yal monte tant yo.

 Antouka elèv yo lonje dwat jouda sou otorite lajistis yo nan pòdpè kap manniganse anba anba pou fè jwèt marèl ak pwofesè Dalgé yon fason pou kenbe-l nan prizon pou yo sa fè lajan sou do l. 


Wiskis Saint Jean, Triboland

Leave A Reply