Yon nonm jwenn arestasyon-l apwè volontèman li pase machenn li sou yon pakèt ti kana.

0 349

LARGO, Florida — Sa pase Dimanch swa pase selon responsab polis yo, plizyè temwen ki tap pwan jòf tap obsève James Clairmont ki tap kouri yon pikup Ford nan zònn Wès Orange Drive anndan yon complèks kay mobil nan Largo, Florida.

Temwanyaj rapouswiv pou di ke ti kana yo ki tap jwe ak manman yo nan yon ti ma labou nan mitan wout-la wè Clairmony nan yon premye tan te ralanti e finalman peze gaz entansyonèlman e antre machenn li sou gwoup kana-a. 2 temwen pami yo yon ti moun deklare bay polis malgre li tap rele pou fè Clairmont kanpe yon fason pou epanye bèt yo, li te ale ak tout boulenn jiskas ke li arive pase sou 3 nan bebe kana yo.

Selon lapolis, 2 nan ti kana yo mouri san bat e lòt la transpòte nan yon lopital zannimo akoz kèk zo ki kraze.

Clairmont ki ta sanble te anba enfluyans tafia te voye jete tout akizasyon e pat kapab anmezi pou esplike kòman wou nan machenn li te fè genyen kras san ak plim kana sou yo, dapwè responsab polis yo ki akize Clairmont kòm moun ki komèt zak kwiyèl sou zannimo.

Pibliye orijinalman sou WFTS .

Leave A Reply