25 jèn inivèsitè nan Nódwès pwoteste devan DGI

02-07-2019
PODPE__ (Triboland) 25 jèn inivèsitè nan Nódwès ki reyisi nan konkou DGI te óganize nan entansyon yo mwa Jiyè pase monte tant yo devan lokal DGI pódepè jounen Mèkredi 06 Fev 2019 saa ak pannkat nan men yo pou mande entegrasyon yo.
Jèn sa yo ki lonje dwèt yo sou Direksyon Jeneral DGI ki te poze ak yo yon pwoblèm Bidjè yo estime ki pa respekte Lwa sou Fonksyon Piblik la e ki deja mete lót moun nan plas yo , pwomèt pou yo okipe espas DGI podepè a chak jou Bondye mete jiskaske yo jwenn entegrasyon puiske se pa favè Leta Ayisyen (DGI) ap fè yo.
Wiskys Jean






