Me kèk eleman ki kapab ede-w dekouvwi si mari ou genyen yon lòt boubout!

0 417

Li pa vle bay lòt moun itilize sèlfònn li

Li pase anpil tan nan ale sou entènèt ak sèlfònn li plis ke avan. Si mari ou byen menaj ou vle blofe-w, li genyen konbyen milyon fason li kapab fè sa; e li genyen tout fason sa yo nan pla men-l. E si ou gade nan telefònn li wap sezi wè ki kantite bagay lap fè.

Konvèsasyon yo vinn limite

Koulya li pa genyen pou li ba ou twòp atansyon paske tou espwi li fokis sou zòt ki koulya se de je nan tè li. Trè souvan, konvèsasyon yo trè limite sou pwetèks nèg pa santi yo byen ak bouch pa kou.

Li toujou bezwen espas ak pwivasyon

Moun kap twonpe menaj li oubyen mari-l yo toujou ap fè ekstra mannèv pou yo ka ki te tras peche yo dèyè. Ou dwe pi entelijan ke yo. Chèche konnen ki nouvo distraksyon ke yo genyen e ke yo pap fè-w konnen. Oubyen eskuz tankou, “Mwen bezwen espas”, “Mwen tou senpleman ta vle pou kont mwen”. Pafwa yo mete non gason nan plas non fi sou pòtab yo.

Yo toujou bezwen ale nan djenm oubyen fè espò al kouri

Lè wap gade nan tan pase yo, ou te toujou bezwen pou li fè yon kase gwo vant lan, men sa pat enterese-l. Konsa, bwiskeman, li kòmanse ale nan djenm ak fè egzèsis tout la sent jounen. Sak pase la? Li menm sa? Konsa, mete sa nan tèt ou, aktivite fisik se yon mèyè mwayen pou yon pakèt gason pwofite pou koutize oubyen genyen yon ti boubout sou kote. Aktivite egzèsis la fè-l pozisyone-l yon fason pou li kapab jwenn yon fi sou wout li.

Li toujou ap bat pou rete lwen ou

Si mari-w oubyen menaj ou diminye nan afèksyon li te konn toujou ba ou; se petèt ou fè-l yon bagay ki grav anpil oubyen li genyen yon lòt moun nan vi li. Konsa, se wè wap wè tanperaman-l chanje, li fache pou nenpòt ti bagay e lap blame pou tout kalite bagay; konsa li tou pwofite soti deyò al jwenn boubout-la. Se tankou yon lòt moun gentan bwiskeman vire lòlòj li nan men-w. Paske mari-w oubyen menaj ou gen yon moun nan tèt li; e moun sa pa definivman ou menm.

Lavaj ràd oubyen laundry ogmante

Si ou remake kantite ràd wap lave oubyen bay nan drycleaning pou mari-w vinn konplètman ogmante, se yon siy ke li vinn nap soti ak yon moun tanzantan.

Li pa gen menm odè ou konn abitye pwan sou li-a ankò

Kwè nan enstenk ou ak sans ou. Si mari-w oubyen menaj ou gen yon lòt sant sou li, se paske lap pase tan-l yon lòt kote e li vle depose-w oubyen mete-w sou kote. Konsa, sant ou pwan sou li-a, se sant zònn kote li pwale tout lajounen-an ak sant pafen ki sou boubout lap fwote oubyen entè-ak tanzantan an.

Lè li resevwa apèl pandan ou bò kote li

Konvèsasyon yo toujou endesi e yo pa klè lè li pran yon kout fil sispèk. Pafwa se kouri deplase sou pwetèks ap chèche yon plum pou pwan yon nimero, konsa lap ka gentan voye ale sispèk-la ou byen deklare “ou twonpe nimero”.

Koze Fanm, TRiboLAND

Leave A Reply