Pòdpè: Seremoni Envestiti yon dizèn Lidè nan ACERP, Assemblées Chrétiennes de L’ église du Reste de la Postérité du 7e Jour

184
0
Share:
TRiboLAND


Samdi 6 Jwiyè 2019, plis pase yon milye fidèl Advantis melanje ak delege ki soti toupatou te orandevou. Sou inisyativ “ACERP” ki se Assemblées Chrétiennes de L’ Eglise du Reste de la Postérité du 7e Jour nan Pòdpè, yon Seremoni Envestiti yon dizèn Lidè te òganize nan objektif : Anonse Bòn Nouvèl JeziKri a. 


Nan Omeli Sikonstans lan, Rev. Pastè Naissance Gradyel ki tap pale nan non Prezidan Jeneral Asamble Kretyènn yo, Rev. Pastè Jeannot Cétout, ki li menm pat prezan nan moman an, akoz divès okipasyon-I nan moman sa-a, te adrese-l dirèkteman ak jènn yo kote-l mande, selon Labib, pou okenn moun pa meprize Lajenès pandan-l konseye jènn yo pou yo pa twò fanbwe, sa vle di pou swiv tout prensip biblik yo yon mannyè pou yo pa lage kò yo nan debòch. 

Jènn yo, selon Pastè selebran an, pa gen dwa mele ditou nan nenpòt ki bagay; paske se sou pawòl yo sosyete a ap ka arive wè ki jan de moun yo ye. Pastè Naissance ankouraje jènn yo tou, pou yo kiltive lanmou nan kè yo pou chak grenn moun kap viv bò kote yo. Pastè a rabat pou-l di jènn yo dwe yon misyonè e se sa Legliz la bezwen, yon jenès alamanyè Pwofèt Daniel ki pap vann nanm li pou nenpót bagay, yon jenès ki brav e ki pa pè anonse pawòl Granmèt la. 


Rev. Pastè Fritznel Vilcé, ki se responsab Legliz Gosen nan Pódepè, ki te pran lapawól pandan envestiti-a tou. Li te fè konnen se yon seremoni ki gen anpil enpòtans sitou pou Assemblées Chrétiennes de L’Eglise du Reste de la Postérité yo. Selon Pasté a, se yon seremoni ki ekri ak yon lank ki pap janm efase pwiske se premye Envestiti Lidè Legliz la konnen pandan-l voye yon gwo kout chapo bay plis pase yon milye fidèl kretyen Advantis melanje ak delege ki te soti toupatou pou vinn mete koulè nan seremoni an nan chante yo tap chante pou rann seremoni an vivan. 

Aktwèl direktè Lekól Filadélfi an nan vil Pòdpè, yon Chèf gid depi digdantan, ki li menm fòme plizyè jenerasyon, pwiske-I gen 78 lanne, Charles Louis Gesner pat kache satisfaksyon-l. Selon Chèf gid la, lidè sa yo ki se pyonye “Assemblées Chrétiennes de L’Eglise du Reste de la Postérité “ACERP”, se zèv li nan demach li te antreprann paske fòk gen lòt ki ranplase-l; paske menm jan ak Apot Pòl ” J’ai combattu de bons combats ” e se kouwònn li lap tann nan men Granmèt la pandan-l egzòte lidè yo pou yo kontinye menm jan avè-l: anonse mesaj JeziKri a ki pa lwen pou-l retounen: “MARANATHA”.

Antouka, lidè sa yo ki gen fòmasyon nan sekouris e nan etid pwofetik tankou:
1-Pastè Gadyel Naissance, direktè Jeneral Adjwen “ACERP “ki se Assemblées Chrétiennes de L’Eglise du Reste de la Postérité.
2-Pwofesè Anelson Louissaint, Administrate “ACERP “.
3- Pastè Cédilien Louis, Sekretè Egzekitif”ACERP”,ki afekte nan Legliz Fort -Lauderdale, USA. 
4-Pastè Fritznel Vilcé, afektasyon Legliz Gosen,vil Pòdepè, ki limenm se responsab Jeneral Jenès 
5-Pastè Edinel Vildor, responsab Legliz Bananier-Colas, Seksyon Kominal Pòdpè.
6-Pastè Dévercin Délivoix, responsab Legliz Smyrna, Pòdpè. 
7-Pastè Wisder Jean, responsab Legliz Gonaïves.
8-Germaine Charles Louissaint, direktris Jeneral Jenès .
9-Casty Dinazard, Sekretè Jeneral “ACERP “.
10- Evenand Agénord, ansyen, direktè Jenès Legliz Smyrne nan Pòdpè, deja louvri pòt yo pou akeyi lòt Lidè. Nan sans sa, yo soupye yon rejis enskripsyon ki pwal pèmèt nan mwa Novanm pwochen pwosede ak yon lòt envestiti pou nouvo Lldè nan kad pwopagasyon travay GRANMÈT la; paske travay la anpil, men manke travayè .

Saint Jean wiskis, TRiboLAND

Share:

Leave a reply