Komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Gonayiv la mete manda rale trennen vini dèyè pitit ansyen depite Cholzer Chancy a.

430
1
Share:
TRiboLAND


06 – 15 – 2024

Gonayiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Gonayiv la, Mèt Guiverna Guillaume, lage manda rale trennen vini dèyè, Rodney Chancy ki se pitit gason ansyen depite komin Ènri a.

Komisè gouvènman bò kote Tribinal Premyè Enstans Gonayiv la pran desizyon sa a, swit ak gwo eskonbrit fiziyad ki te fèt nan dat 7 jen pase a kote plizyè moun te pran bal, pami yo Carmelo Joseph ak Jeff Alcimé ki te resevwa 3 katouch.

Dapwè enfòmasyon kèk sous jounalis pataje, depi menm apre manda a ta fin desène, lapolis ap chèche Rodney Chancy tankou chen fou pou mete men nan pat kasav li pou tèt ka lanmò ak tantativ asasinay.

Share:

1 comment

Leave a reply