Opozinsyon an manifeste an granmoun nan Gonaiv pou reklame depa Jovenel Moise

380

Gonaiv___(TRiboLAND) Tankou jan sa te pwevwa divès milye moun ki pa danse kole ak pouvwa Jovenel Moise la, foule beton an nan Gonaiv jodi 5 Desanm 2019 la pou egzije depa pwezidan peyi-a san kondisyon.

Se te vrèman yon foul moun enpwesyonan ki te soti nan tout rakwen vil Gonaiv san konte ak lòt vil rapwoche yo ki tap reklame pou yon inyèm fwa demisyon Jovenel Moise ki selon yo menm fè pwèv chanpyon nan jere peyi-a sou baz enkonpetans ak disparisyon.

Pwotestasyon yo akize Jovenel kòm kòriptè ki anpeche Lajistis fè chemen-l. Manif lan ki pat sispann siyonnen divès katye nan site Endepandans lan e genyen alatèt divès patizan ak lidè opozisyon pat ezite akize pwezidan an kòm  chèf deta  ki antrepwann tout sa lap fè sou manti yon fason pou jere ego li ak enterè mesken li e zafè tout rès peyi-a.

Comments are closed.