Lajistis ap chèche tankou chyen fou Woody Ethéart ansanm avèk makrèl li Renel Nelfort

0 453

Lajisti peyi Dayiti ap chèche tankou chyen fou 2 pwezime krimin! Nan yon nòt ke li fè soti jodi 7 Dawou-a 2019, Komisè gouvènman premye enstans Pòtopwens la, Paul Eronce Villard mande vit e pwese Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) pou degaje yo e demele yo kon Mèt Janjak pou yo chèche boske Woody Ethéart ki gen ti non jwèt li “Sonson la Familia” ansanm avèk makrèl li ki rele Renel Nelfort alyas le Resif.

Tanpwi, pa pwan tan pou mennen yo devan tribinal yon fason pou lage yo nan kalabous pou zak kidnapenn, sekestrasyon, lavaj lajan, aktivite trafik dwòg, asosyasyon malfèktè ak pote zam ilegal selon arè òdonans Kou Apèl Pòtopwens lan ki te soti 18 Jwiyè 2019 la, dapwè komisè gouvènman an.

Leave A Reply