Pòdpè: Yon lòt chapit dezòd ak Majistra Josué Alusma

0 402

Pòdpè__(TRiboLAND) Josué Alusma, swadizan Majistra pwoteste ou kontwovèse Pòdpè-a pa sispann kreye twoub nan vil Pòdpè. Majistra-a ki ta sanble gen pwoblem bon nanj, gentan enplike nan plizyè ensidan apwè plizyè mwa ke li te fè nan mawon sou akizasyon lanmò Mè anapwè, Toni Vernio. Ki donk, yon trajedi ki te lonje dwat jouda sou Msye Alusma nan konplotaj aksidan bakolodè.

Apwè retou li nan yon entèval pwèske 2 mwa, Majistra-a pap pwan tan pou angaje-l nan plizyè zak cowboy, kote li te mete katye ri lopital nan Pòdpè tèt anba. Gwoup bandi nèg ame ki te gen nan tèt li Majistra Alusma pat mezire emosyon yo nan fè zam chante ak terorize abitan pèzib kap viv nan katye sa yo nan Pòdpe.

Sa pa gen lontan, Msye Alusma te fè gwo deklarasyon fwakasant sou Radyo Kapwa FM, yon espas ki ta sanble pwopwiyetè Senatè Nòdwès la, Evallière Beauplan. Gwo poban pawòl ki pale sou ond radyo sila, bay moun anpil laperèz ak entisyon pou yon lòt krim ankò. Menas malè pandye ak iltimatòm 24 èd tan pou plizyè sitwayen notab kite vil-la, irite popilasyon-an ki estime fwekansite majistra enkonpetan-an rive twò lwen; konsa, kout ke kout fòk popilasyon-a debarase yo de Majistra Josue ke yo deja pwan twòp pasyans avèl.

Konsa, konsekans yo pa piti; yè swa, Konmisè gouvènman Pòdpè-a Mèt Bellamin Jean Volney, ta sanble lague vit e prese yon manda darè dèyè Josue Alusma ki tap loje nan Otèl Brise Marina ki plase nan zònn Beaudin, yon ti lokalite ki pa twò lwen vil Kapwa Lamò-a.

Enfòmasyon ke TRiboLAND resevwa yo ta fè eta de absans Majistra Josue Alusma nan moman pwosesis arestasyon an. Ki donk, li te gentan jete kòl e pwan lyann. Konsa, rechèch koukou rouj yo ap kontinye selon otorite yo; e manda darè sa pwal sandout dekachte yon pakèt lòt dosye louch ki te deja pandye sou tèt yon swadizan Majistra tèt tchabwe ki kontinye ap bat kò li e bay Lajistis Nòdwès anpil defi.

Jacob Bendallahm

Leave A Reply