Ansyen Ajan egzekitif enterimè Komin Jan-Rabèl la drese yon tablo melankolik sou sityasyon dezagreyab peyi Dayiti a.

879

Ansyen Ajan egzekitif enterimè Komin Jan-Rabèl la, Mèt Jean Wilbert Siméon, drese yon lis fenomèn kap sakaje pèp ayisyen an, epi mande ak #3 moun tèt San Cheve yo tchoule kò yo nan tèt peyi a.

12-13-2022

Mèt Jean Wilbert Siméon

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou akòde ak Laprès, ansyen Ajan egzekitif enterimè vil Jan-Rabèl la, Siméon Jean Wilbert deklare aprè tout refleksyon’l sou sityasyon peyi Dayiti a, fè konnen peyi a pap dirije.

Pou kore opinyon’l la, Mèt Siméon drese yon lis pwoblèm pèp ayisyen an ap fè fas, lè’l soulinye lavi chè, ensekirite, grangou,lamizè, pwoblèm gaz ak pwoblematik reouvèti eskolè a.

Pou Mèt Siméon, gouvènman defakto Ariel Henry a, se yon gouvènman tèt San kò initil kap grate santiki e ki wè tèt li sèlman. Plede anfavè yon lavi miyò, Mèt Siméon Jean Wilbert mande ak #3 moun tèt San Cheve yo, rache manyòk yo bay tè a paske Desalin pat goumen pou sa.

Viv Ayiti! Viv Papa Desalin! Viv Lajistis Sosyal!

Comments are closed.