Florid/Sarasota: Etidyan nan Sarasota kolèkte lajan pou bati yon kay pou yon fanmiy an Ayiti

0 464
Akademi Militè Sarasota (SMA) nan Eta Florid

SARASOTA__ Plisyè manb ki nan yon pwogram preparasyon nan Akademi Militè Sarasota (SMA) nan Eta Florid, chwazi pwogram ki pote non “Happier Houses in Haiti” atravè Haitian Health Foundation kòm pwojè sèvis yo pou ane 2019 la.

Nan fè leve de Fon anndan lekòl-la e avèk sipò klib Rotary Southside, etidyan SMA ki nan pwogram preparasyon militè-a ak tout staff lekòl-la arive reyini $1,950 pou òganizasyon Haitian Health Foundation nan yon fason pou bati yon ti kay pou yon fanmiy an Ayiti.

Kay nèf ke yo bati atravè pwogram sa toujou ekipe ak yon strikti tankou yon ti sistèm pou flòche yon twalèt ak sèlman yon ti goblè dlo nan yon ti fòsè simante ki pi devan kapab yon sous angrè òganik pou jadinay. Nouvo kay yo alimante tou ak yon ti pano sole pou fasilite lumyè, radyo e yon sistèm ki kapab rezève dlo avèk yon sistèm filtrasyon pou fè manje ak bwè.

Me yon bèl egzanp ti moun ki pa gen anyen pou wè avèk Ayiti, bay nan ede lòt moun konpwann nesesite pou fè tèt kole pou ede sa ki vilnerab yo. Ki sa ki anpeche konpatwiyòt nou yo inisye yon seri ti pwojè konsa pou lakay, ki reyèlman ase senp men tou ki trè sinifikatif ou efikas.

Source: Sarasota Military Academy

Leave A Reply