Jiska kilè PNH la ap sispann konte kadav: fwa sa, se kou pa Saloman Jean-Louis

0 368

Pòtopwens __(TRiboLAND) Yon lòt ajan PNH ki pote non, Salomon Saint-Louis tonbe anba bal bandi nan Martisant 7 yè Madi 30 Jwiyè 2019 la, dapwè yon sous anndan PNH la.

Vitim nan ki te fè pati 26èm pwomosyon Polis Nasyonal Dayiti (PNH) la te afekte nan Direksyon Santral Polis Woutyè. Konsa gwo detonnman konsè zam ki tap chante pwèske pandan tout jounen nan antre zònn solèy kouche kapital la te bay yon imaj wonted ak geto cowboy; ki donk se te gwo afwontman ant ajan PNH yo avèk bandi ame ki tap twoke kònn yo. Sepandan, sikonstans ki antoure lanmò ajan Salomon an poko ditou klè.

Li te vè 8 è yèswa zam pat sispan chante sou Bisantnè-a ki definitivman yon veritab vale de lamò pou pèp ayisyen.

Leave A Reply