Komisè polis Tigwav la atravè kabinè avoka li adrese yon somasyon bay jounalis Zicout Makendy.

62
0
Share:
TRiboLAND

05 – 26 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Komisè polis Tigwav la, Herard Joseph adrese lendi 25 me 2026 lan, atravè kabinè avoka li kap dirije anba lobedyans mèt Alcide Laguèrre, adrese yon somasyon bay jounalis korespondan Radyo Kiskeya a, Zicout Makendy akoz li ta pibliye yon enfòmasyon sou relasyon reselè komisè a ta genyen ak yo pòs peyaj sou waf Tigwav la.

Yon sitiyasyon ki lage gwo enkyetid lakay sitwayèn ak sitwayen yo. Selon Zicout Makendy, yon jounalis pa dwe tounen yon ènmi pou otorite yo. Paske daprè li, jounalis se je ak zorèy popilasyon an, depi lap di verite. Li fè konnen depi yon moun atake laprès, se demokrasi a menm yo atake, li kontinye mande solidarite ak kòporasyon laprès nan Tigwav ak rès peyi a, yon fason pou anpeche komisè Herard Joseph detwi lavi li ak tout fanmi li.

Toutfwa, nan somasyon an, komisè Herard atravè kabinè avoka li, bay journalis Zicout Makendy yon jou fran pou l retrakte ou byen li kenbe piblikasyon an.

Share:

Leave a reply