HAITI: (MENPF) Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fikse dat antre lekòl-la pou 9 Sèptanm 2019

0 537

Pòtopwens__(TriboLAND) Selon yon piblikasyon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, etidyan anndan peyi-a dwe repwann wout lekòl 9 Sèptanm 2019 kap vini la pou kalandrye skolè 2019-2020 an.

Ane akademik la ap genyen ladanl yon maksimòm 189 jou  klas operasyonèl ak 11 jou konje. Fèmti lekòl la li fikse pou 3 Jwiyè 2020.

Pou etidyan sik fondamantal yo, yap genyen pou benefisye 945 edtan pou enstriksyon akademik e sa yo ki nan nivo segondè ap benefisye yon tan apwantisaj ki estime a 1134 edtan pou kou dapwè plan skolè pou ane akademik lan.

Konsa, nan kad pweparasyon, pèsonèl administratif ministè-a nan tèt kole avèk makònn pwofesora-a ap gen pou yo kòmanse ale nan diferan sant edikatif yon fason pou pwepare pou nouvo antre skolè-a.

Me dat egzamen Leta yo:

Bak Pèmanan: 16 jiska 20 Desanm 2019

Epwèv nevyèm ane fondamantal: 15 jiska 18 Jwen 2020

Egzamen Fen Etid Segondè: 29 jiska 2 Jwiyè 2020

Leave A Reply