Venezwela: Yon gwo tonton fè nwa anvayi Karakas

178
0
Share:

03-08-2019

KARAKAS__(Triboland) Gwo panic nan Karakas akoz yon gwo blackout ki plonje nan tèt nèg tout capital Simon Boliva-a Jedi swa ki kreye anpil blokis e fèmen sistèm metwo kapital la. Van panic lan te lakòz plis pase di mil moun pwan lari; yon zak ke otorite grantorian yo kalifye kòm yon zak “sabotaj”. Tout sa kap fèt la antre nan yon taktik batay ak enèji kont leta, se deklarasyon sou kont twitter li, yon operatè kap travay nan yon konpayi izinn elektrik kap feraye pou leta.

Selon bwi kap kouri, konplèx Guri idwoelektrik la ki nan zònn Sid pwovens Bolivar, ki bay elektrisite pwèske nan tout rès peyi-a ta sanble viktim zak sabotaj yo tou. Sepandan, otorite yo pa bay ase pwèv jistifikativ de yon tèl zak malonèt.

Depi kòmansman kriz ekonomik lan, blackout vinn yon fenomènn trè kouran nan peyi Venezwela. Magogo lajan li koute pou fè grese sere nan strikti elektrik yo, se bagay tèt chaje. Selon media local yo; fè nwa sa-a sanble li arive touche pwèske 23 pwovens nan Venezwela.

Share:

Leave a reply