Prezidan konsèy administrasyon seksyon kominal Wo Maribawou a menase arete ansyen vis delege Wanament la pou divèsyon

09/29/2026
Wanament, Wo Maribawou_____(TRiboLAND) Prezidan konsèy administrasyon seksyon kominal Wo Maribawou a Msye PIERRE Prophète denonse ansyen vis delege Wanament la, msye Mirbel CHARLES ke li akize kap fè divèsyon pou divize seksyon kominal, anplis ap trese lèl pou kreye yon klima dezòd nan rejyon an.
Nan sans sa, Prophète menase pou fouke e mare kon krab Mirbel Charles, ansyen Delege Wanament lan. Deklarasyon say o arrive fèt nan moman kote keprezidan konsèy administrasyon seksyon Wo Maribawow t’ap patisipe nan yon gwo sòlòkòtò festival Sen Michèl Akanj.
Nap raple, Prophète lanse yon seri avètisman bay Mirbel Charles akoz klima divizyon ak dezòd li riske kreye nan seksyon an, e li tou pwofite mande li, si reyèlman li bay demisyon li, li dwe ran sa piblik.






