Petisyon kont pwojè Disney-a rejte avèk 30, 000 signati

0 254

Plis pase 30, 000 sitizenn nan Bahamas sinye yon petisyon kont yon gwo pwojè Disney Cruise Lines Pò maritime tap tante mete soup ye nan zònn Lighthouse Point nan Eleuthera, Bahamas.

Yè se te dènye jou mouvman kanpay pou bay yon kanpe lwen pa pwoche a pwojè Disney-a nan Lighthouse Point; sipò ak opozisyon global sa di “NON” a gwo pwojè sa ke Disney ta pwal devlope nan zònn Sid Eleuthera, dapwè yon kominike ki soti ayè bò kote mouvman “STOP DISNEY” a.

Konsa responsab Bahamas yo ansanm ak gwoup Anviwonnmantal Entènasyonal yo mete yon nòt deyò atravè jounal “The Tribune” mande Disney pou-l chèche yon lòt altènatif pou pwojè pòtyè cruise lines la yo te konte mete nan zònn nan. Yo mande-l tou, pou-l chèche mwayen travay nan komen akò avèk gwoup lokal yo, yon fason pou pwoteje sit inik sa e pi garanti opòtinite ekonomik pou kominote zònn Sid Eleuthera yo.

Antouka, si anpil moun pa konsène de espas ekolojik oubyen anviwonnmantal peyi lakay yo, pou pèp Bahamas la, se bliye sa! Pwezèvasyon ekolojik maritim yo pwime avan lajan!

Leave A Reply