Yo pa janm bay chat veye bè!

0 293

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Apwè deklarasyon pwezidan Jovenel Moise nan jounal Miami Herald nan plan pou mande OEA men fòt pou odit depans fon Petwo Karibe-a, pèsònn moun pap kapab konpwann ki lè egzakteman yon chèf deta ki inik konsa, ap arive pwan ti kal konsyans pou arive bay respè a yon peyi ke li pa menm ka dirije.

Ide pou ta yon lòt fwa ankò antre nan konfyolo ak moun ki afiche yo kòm ènmi peyi Dayiti, pa ka etone menm yon ti bebe nan peyi-a. OEA fini sou teren peyi Dayiti-a! Li fè anemi de kredibilite pa rapò ak yon seri de vye aksyon li poze sou tè Desalinn nan.

Konsa, vye ide pou danse kole ak OEA, se yon pwèv ki pwouve ankò pa gen moun ki ka panse pou PHTK (Plonje Haiti Tou Kanpe) sa ki pa reyalize se pa menm pèp yo te konn kraze epi vale-a ki la ankò. Ki moun kap arive konsenti pou chèf koupab yap rele bare dèyè-l la al fè kò ak yon seri enstitisyon raketè ki mete nou nan sa nou ye la. Yo pa konn bay chat veye bè! Dayè, se yon pwezidan enkilpe ki pa dwe oze ap fè demach pou solisite lòt antite ki pa gen moral ase nan zafè odit sou lapidasyon Fon Petwokaribe!

Li difisil pou yon moun arive konpwann ki sa ki nan tèt gouvènman sa! Malgre tout zak malonèt li poze yo, li gen foli pou moun kontinye rekonèt egzistans li. Alòske, midi e swa lap pase enstitisyon yo anba pye! Kite priyè pwan kantik!Bon an nou pale lòt bagay pito!

Kote tè-a, kote solèy-la, kote dlo yo ki ta pwal mete lajan nan pòch tout jènn yo? Kote gwo jaden bannan lan pwezidan? Kote kabannan (karavann) nan? Kote limyè 24/24 lan? Kote wout kafou Jòf—Ansafolè-a? Kote baraj Flèv Twa Rivyè-a? Kote………………….m bouke!

Leave A Reply