Mawotyè : Kowòdonatè KASEK 4e Seksyon Mawotyè santi-l enpuisan devan soufrans yon Seksyon ki pa lwen pou disparèt

0 417

PÒDPÈ__(TRiboLAND) Mawotyè se 4e Seksyon Kominal vil Pòdpè. Li gen ladann 102 lokalite ki divize an 7 gran zónn. Bagay ki rele lapli-a, ti moun ki gen twa lane pa konnen bagay konsa. Dlo ki se lavi pa egziste ditou nan 4e Seksyon ki twouve l nan yon sitiyasyon mizè kloròks dènye degre. Tout sa peyizan yo te posede disparèt anba flanm solèy. Lavichè, grangou ak mizè se sèl kòk chante nan kominote sa-a.

Devan tout malmakak pwoblèm sa yo, kowòdonatè KASEK la, ERVILUS MONMUS deklare li enpuisans parapò ak sa lap viv, lap wè nan tè lanfè-a. Konsa, li plede anfavè dekesman pwese pwese 1 milyon goud prezidan Repiblik la, Msye Jovenel Moïse te pwomèt KASEK peyi Dayiti-a pou fè devlopman anndan Seksyon kominal yo. Kòb sa-a, selon ERVILUS ki pase a 731 mil goud konsa pa janm rive jwenn KASEK yo. Se Konsa tou, KASEK la ankouraje chèf Leta a pou l mete nan Seksyon kominal yo travay awot entansite mendèv yon mannyè pou peyizan yo ki nan koma anba grangou, lanmizè ak lavichè kapab rive rale yon souf.

Kowòdonatè KASEK 4e Seksyon kominal vil Pòdpè a, Lokalite Mawotyè, ERVILUS MONMUS mete de men nan tèt pou-lsoupliye an gras chèf leta, Jovenel Moise fè debloke san pèdi tan lajan l te pwomèt KASEK yo Pou yo sa fè devlopman nan Seksyon Kominal yo. Apa de sa, kreye travay pou pèp la si-l pa vle konte kadav, sa vledi anpil fanmiy nan 4e Seksyon se jou yap tan pou yo mouri pabann ak papakèt anba sechrès, mizè ak grangou.

Saint jean wiskis /Triboland.

Leave A Reply