Jounal Dominiken “Hoy” anonse yon toune ofisyèl chanselye ayisyen nan peyi repiblik Dominikèn

346

11\27\20

Sen Domeng____(TRiboLAND) Nan edisyon li ki date 25 novanm 2020, jounal dominiken “Hoy” fè eta de yon kominike anbasad ayisyen nan repiblik dominikèn anonse toune chèf diplomasi ayisyèn nan, Doktè Claude Joseph sou tèritwa vwazen dominiken yo dimanch kap 29 novanm 2020.

Si nou ta vle kwè “Hoy”, toune diplomatik sa gen pou li mete an evidans 2 gro reyinyon ant omològ dominiken an, Roberto Alvarez kap gen pou resevwa madi premye desanm, Doktè Joseph nan chanselye dominiken an; konsa, 2 kòkenchen reyinyon brase lide prevwa ant delagasyon ak teknisyen wo nivo tou 2 peyi yo.

Ajanda chèf diplomasi ayisyèn nan fèt e founi, selon laprès dominikèn. Lendi ki va 30 novanm 2020, Doktè Claude Joseph ap rankontre nan kapital dominikèn nan, anbasadè ayisyen an ki se Smith Augustin pou yon seri reyinyon; l’ap rankontre tou pèsonèl delegasyon diplomatik la ak tout diferan konpozant dyaspora ayisyèn nan nan repiblik dominikèn.

Nan mèkredi kap 2 desanm 2020, Doktè Claude Joseph ap genyen yon lòt seyans travay avèk konsula ayisyen an ki nan provens Barahona. Lap gen pou pase wè egalman lòt konsula ayisyen ki nan lòt provens tankou Santiago, Dajabón, ak La Altagracia (Higuey).

Minis Afè lòt Bò Dlo ak Kult peyi Dayiti a ki gen avèk li yon gro tonton delegasyon wo nivo nan chanselye ayisyèn an, ap gen pou mete fen nan yon parèy toune diplomatik dimanch kap 6 desanm 2020.

Comments are closed.