Me sèt sinn ki montre yon zanmi gason enterese nan ou

0 500

Anpil relasyon ki bay amitye pwiyorite avan renmen toujou gen anpil chans pou reyisi. Konsa, rapò sa pi chita sou yon amitye solid. Pa gen anyen nan sa lè gason avèk fi zanmi. Sepandan, sa ki enpòtan sèke lap rive yon tan kote ke youn nan zanmi yo ap fini pa devlope yon santiman womantik pou lòt la ki kapab afekte amitye a ki ka devni yon pi gwo bagay.

Ok, kòman ou fè konnen ke li genyen yon panchan pou ou plis ke yon zanmi?

  • Jan li pale avèk ou diferan ke jan li pale ak nenpòt lòt moun

Jès fizik li fè, se youn nan sinn ki kapab montre ou ke li enterese nan ou. Tande avèk atansyon jan li pale avè-w e apwè sa konpare fason li pale ak lòt zanmi fi. Eske li ba ou atansyon lè wap pale? Eske li renmen ri, oubyen bay blag, oubyen trete-w avèk souplès.

  • Li toujou vle manyen-w

Lè yon gason renmen yon fi, li toujou vle bò kote-l tanzantan, lojikman sa vle di li vle touche-w. Pa nan yon sans agwesif ou byen inapwopwiye men nan yon sans inosan ak bònn imè. Li gen dwa chèche fè anpil eskiz pou li ka touche-w, tankou bese pwan yon bagay pandan lap apwiye sou ou; oubyen eseye retire yon ti pay ki sou rad ou; oubyen pase yon mouchwa sou figi ou pou retire yon ti tras makeup nan machwè ou; oubyen touche men ou pandan lap rakonte yon istwa; oubyen ba ou yon papach ki pafwa dire twò long. Li tankou yon chat ki vle fwote sou ou!

  • Je li

Je-l ka bay manti si lè lap gade-w anba epi lap bat pou kache ke li panchan pou ou. Li toujou ap pèsiste miltipliye kontak vizyèl yo nan konvèsasyon. Sa vle di ke, lap fikse rega sou ou lè ou pap gade li oubyen li gade ou dirèk nan je lè ou vire tounen gade-l. Sa esplike, ke li tonbe damou pou ou e avèk ou li pwèske pa ka kontwole li.

  • Li toujou fè ansòt ke li kenbe kontak avè-w

Lap kite tout lòt obligasyon pou li ka toujou avè-w, rann ou sèvis, oubyen toujou bò kote-w menm lè ou di-l sa pa nesesè. Pami tout lòt zanmi yo, li toujou vle ba ou pwiworite.

  • Se raman pou li pale de lòt fi

Ou reyèlman konnen ke li selibatè, li bo gason, li trè kool, e pa gen oken mwayen pou ou ta panse ke li pa genyen yon fi nan vi li, men ou pa janm tande li pale sou sa. E si li ta pale de lòt fi, se toujou ak yon santiman ki byen pwesi ke li pat vrèman jwenn moun li tap chèche a, sinon ke ou menm.

  • Li sonje tout ti detay

Konsa, lè ou pase yon move jounen, li kapab fè ou sonje yon bagay ke ou te relate depi plizyè semènn ke li sonje ak tout ti detay yon fason pou montre ou ke li pwan oserye lè wap pale.

  • Eske li fè jalouzi pou ou?

Sinn sa trè evidan; swiv byen pou ou wè, chak fwa ou ta pale de vi amourèz ou lap fasil pou wè li reponn yon fason negative e trè jalou; se yon pwen fò ki montre ke li renmen-w. E se youn nan sinn ki pa fasil pou moun fòje e kache. Tout otan ke santiman li fò pou ou, se tout otan lap fè gwo reyaksyon si ou ta di li ke ou gen yon lòt moun.

Leave A Reply