Gòl Kòp: Malgre fèb mwayen, Ayiti kalifye san fot

0 410

Gòl Kòp se yon konpetisyon ki òganize pweske chak 2 lane, ki reyini peyi ki nan Karayib la, Amerik Santral ak Amerik Dinò ki pote non “Gòl kòp”. Ayiti toujou jwenn chans poul patisipe, sepandan malchans ekip la pa janm asiste tiraj. Konsa, fòk nou ta remoute nan tan ki pase yo pou nou ta founi zye gade ki dènye fwa Ayiti te bay yon bèl prestasyon nan konpetisyon sila.

Pou ane sila anpil moun pat atann yon ekip Ayiti ki kapab bay kè doubout. Konsa, pat gen twòp konviksyon ke seleksyon Nasyonal Ayiti ka troke konn ak lòt gwo zwazo yo.

Apwè yon pelerinaj nan yon poul ki gen 4 ekip tankou Bèmid, Nikaragwa, Kosta Rika ak Ayiti. Li enpòtan pou nou sinyale, Ayiti fè resèt nan tout rankont yo! Se pwemye fwa Ayiti fè otan de viktwa pou otan de match. Kidonk 3 match, 3 viktwa ki mete Ayiti 9 pwen sou 9 epi pran tèt klasman an. 

Kalifikasyon Ayiti ak 9 sou 9 sa-a, ta sipoze soulve kolè nèg ki nan leta-a, swa sa ki la yo e menm sa ki te pase deja yo. Lè wap tande konbyen lajan yo di yo envesti nan espas pou jèn fè espò, se bagay ki bay anpil vètij. Adje! Ou ka wè se bri talon kikit nan tout saw tande mesye yo di yo reyalize. Ou ta di ke anpil nan yo poko konn sa ki rele enfwastwikti espòtif. Lajan pase, nan jwèt manje tè,  gagotaj ak sirotaj detounman defon. Nou pap bliye keksyon 25 estad ansyen pwemye Minis sou Michel Martelly deklare li konstwi yo; tankou sant espotif ke pwèske pèsònn moun pa ka idantifye. Sa reyèlman bay dlo nan je pou wè jounen jodi-a se gagotè say o kap bay seleksyon nasyonal-la ochan!

Se evidan, ti mesye kal reprezante peyi a nan konpetisyon sila voye yon siyal klè bay otorite peyi a pou mande fè tèt yo yon favè pou yo arive konpwann itilite resous imènn ak espò nan yon peyi.  

Sa ta dwe entèpele konsyans nou ki pa fè pwèv de moun kap panse. Ki sa ki esplike jounen jodi-a ekip nasyonal la detan zantan se nan lòt peyi yo vwayaje pou al fè antrènman akoz enfwastwikti.

Moman rive pou leta ta di yon mo epi souke kòl pou bay jenès la yon chans pou yo kapab sispann lage kò yo nan move bagay kap mete yo fas pou fas ak prizon, ansent avan lè, manyen afè moun, fimen vye sibstans kap kraze sèvo yo ki ka menm rann yo evade.  Ann pote kole pou espò a chanje figi pandan nap di :“Grenadye Alaso”. 

Claude Ferdieu, TRiboLAND

credit photo: haititempo.com

Leave A Reply