Otorite yo livre lokal ansyen DGI Senlwidinò a, ak patikilye pou regle zafè pèsonèl yo.
06 – 07 – 2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon an nan komin Senlwidinò mande sa kap pase konsa nan tèt otorite kominal yo ki pa deside respekte byen piblik yo nan komin nan.
Depi yon bon bout tan otorite yo ap mal jere domèn piblik yo. Pou montre sa lokal ansyen DGI, tè leta, espas mache piblik yo, finalman se lokal ansyen DGI; tout vann ak patikilye pou fè afè prive.
Popilasyon an ki pap dòmi bloke chantye pou kouvri ansyen lokal DGI a pou kreye biznis prive. Tandiske dirijan SEMANAH yo te mande lokal la pou loje biwo a nan pò Latiwoli a, pat gen oken konsiderasyon pou Leta fè lajan.
Popilasyon an pap dòmi fwasa, nenpòt moun ki atake byen leta nan komin nan pou regle zafè pèsonèl yo, sa yo jwen se pa yo. Mesaj pou otorite yo : “nou bay pouvwa pou dirije men non pa pou vann byen pèp la”.







