Yon Doktè ayisyen ki tap viv nan Florid jwenn arestasyon an Ayiti pou pweskri tròp (opiyòd) trankilizan pou doulè

0 450

(TRiboLAND) Jeanne Germeil, se non yon Doktè ayisyen ke ajan DEA Etazini an kolaborasyon ak polis kont trafik dwòg Ayiti, arete nan zònn Sidwès bòdmè vil Pò Salu kote ke li tap viv sou yon lòt non: Lacretia Roquel Pratt, dapwè Jounal Miami Herald.

Dr. Jeanne Germeil

Avwil dènye, yon Jij Florid ki pote non, Ursula Ungaro te deklare Dr. Germeil kòm fijitif tout swit apwè li pat mete pye nan tribinal pou resevwa santans li ki te baze sou 11 nan yon total 16 chèf akizasyon sou distribisyon sibstans nan fason ki illegal. Konsa, chak akizasyon sa yo te evalye a 20 lane pwizon.

Dòktè Germeil ki te soti nan pwizon anba yon $250,000 bonn (pwomès ou garanti) 6 jou apwè arestasyon li, tap dirije yon klinik ki alafwa pwaktik familyal ak trankilizan pou doulè nan vil North Miami Beach, Florid.

Konsa, Dr. Germeil te pwan lyann pou li; li pat chwazi bay paspò li kòm youn nan garanti yo, kote li te jwenn entèdiksyon pou vwayaje sèlman anba pèmisyon espesyàl Distri Tribinal Sid Etazini-an ak Distri Santral Florid yo.

Nan Fevwiye pase, yon Jij Federal Etazini te jwenn Dr. Jeanne Germeil ki etidye medsenn nan peyi Meksik, koupab nan delivwe plis pase 13, 759 pweskripsyon (idwomòfonn, oxycodone ak oxycodone-acetaminophene) bay malad ant lane 2016 – 2017, nan yon entèval 20 mwa. Dr. Germeil anban men otorite ayisyènn yo pou swit nesesè ki gen pou wè ak transfèli pou Miami, dapwè jounal Miami Herald nan Florid.

Leave A Reply