Yon epidemi dyare pa sispann sakaje divès abitasyon nan 4ème seksyon kominal Fontarabie, Tigwav.

1,297

JOICY ARNOLD 11-24-2022

Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Abitan nan 4ème seksyon kominal Fontarabi, Tigwav ap konnen move moman fas ak yon epidemi dyare kap sakaje yo depi plizyè semèn daprè konfrè jounalis Louima Daniel kap viv nan zòn sila aprè yon entèvyou li te akòde TRiboLAND, maten lendi 21 novanm 2022 a.

Selon konfrè jounalis la, dyare kap toumante peyizan yo, ta genyen pou wè avèk move dlo yap pran menm kote ak zannimo pou yo bwè ki lakoz yap trape epidemi dyare pa bann e pa pakèt.

Jounalis Louima Daniel kontinye pou’l di, poko genyen okenn dyagnostik ki fèt nan dlo abitan yo ap kosome pou ta konnen eske se yon dyare nòmal ou byen kolera kap taye banda nan divès komin nan zòn metropolitèn Pòtoprèns san konte kèk rejyon andan peyi a.

Toutfwa, konfrè jounalis Louima Daniel lanse apèl bay responsab yo nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon lokal ak santral pou vinn fè yon dyagnostik prese-prese nan dlo peyizan yo ap kosome yon fason pou rive detèmine vrè koz epidemi an.



Comments are closed.