Lè wap pwan yon fanm pou marye, ou dwe konnen fanmiy wap antre tèt ou-a byen!

0 596

Konsèy mwen pou jodi-a, se alète tout jènn gason kap chèche yon fanm pou yo fè vi yo. Li enpòtan pou yo genyen bonjan entelijans emosyonèl ki kapab ede yo fè yon chwa efikas lè yo pwal fonde yon fanmiy ak yon moun key o pa konnen anyen de ras zansèt li. Konsa, yo pat regrete e manje gwo pous yo demen.

Fè chwa yon fi pa yon bagay ki senp! Konnen fi-a pa pi enpòtan ke konnen kote li soti, e ki moun ki ras li ak zansèt li. Marye ak yon fi se asèpte antre nan yon nouvo fanmiy ke ou pwal fè pati de li pidevan. Sevre, fanm nan pwal pote non ou, men yon lòt bò ou marye tou ak lòt manm nan fanmiy fi-a tankou manman, papa, tonton, matant anfen tout ras la nèt. Nan ka sa, envestigasyon se yon bagay ki trè vital nan fè chwa madanm sa. Li ale jouska mennen envestigasyon non sèlman sou fi-a ak paran li, men chèche konnen tou ki orijinn gran zansèt rès mamb nan fanmiy la. Gen moun ki konn tonbe anba yon pongongon fanmiy e se lè yo finn pwan nan gonm yap mande si-m te konnen. Gen anpil maryaj ki bati sou bonjan konsantman ant mari-a ak madanm. Sepandan, moun ki konsène yo konn kite lòt manb antre nan mitan yo e manipile ak kraze vi konjigal-la an ti miyèt moso.

Mwen te tramble kon fèy bwa yon maten lèm tap obsève fason yon vwazin mwen pou dan griyen arive pwan pwizon pou krim li pa janm komèt e bwiskeman fwaye-l fann an miyèt moso e ki ta pwal mete fen nan maryaj li. Oh, se te yon dram!

Se te yon nèg ki te marye ak yon fi ke li pat malerezman pwan swen pou-l te chèche konnen plis nan ki fanmiy fi-a te sòti. Msye sa-a te gen ti bat men ase pou-l te supòte madanm li ak de jènn pitit li. Sepandan, manman madann nan pat gen bonjan ak msye-a ki pat tèlman vle manman an manipile-l answit derespekte-l. Konsa, bèlmè-a te plis apwesye yon lòt flannè kite gen abitid fè gwo jès ak manman an. Flannè sa te toujou jwenn envitasyon pou fè sa-l vle nan kay-la sitou lè msye marye-a al bourike nan travay.

Msye marye-a pat yon moun yo te kapab manipile. Konsa, lè se tout bon, bèlmè-a remake msye pa pwan nan chènn, li mete ak pitit la e yo fabwike yon akizasyon tèt nèg sou do pò malere-a ki pat konnen nan ki sa li te pwan. Konsa, se wè li wè polis mete pye sou akizasyon abi domestic ki apwè koute-l apepwè 3 semènn pwizon. Se konsa, li pat pwan tan nan yon semen apwè zak malonèt la pou vwazen te remake flannè-a ap antre sòti ak madanm marye-a. Avèk yon flannè ki gen yon mwayen ekonomik ki djanm, bèlmè-a te twò kontan pou-l te bati yon lòt relasyon pou pitit fi li.

Konsa, msye marye-a vinn lage avèk sekou Pè Letènèl! Pandan anpil imilyasyon ak anbarasman sosyal, li chwazi rete lwen kay li te achte pou fanmiy lan, men te toujou pwan swen e devlope bonjan rapò ak pitit li yo. Malgre tout sa mari-a pase, li arive triyonfe kanmèm. Nan tan sa nap viv la, se pa tout moun ki ekspwime vrè lanmou pou yon lòt; e lanmou sa tèlman absan li ran konstwiksyon maryaj-la fwajil e vilnerab. Konsa, nenpòt moun kapab antre anndan konstwiksyon sa e demoli-l trè fasil. Tout sa esplike, pat janm genyen yon fondasyon ki te simante ak konpasyon, pasyans, charite, imilite, jenerozite ak sajès ki pa fasil pou moun jwenn jodi-a. 

Li reyèlman enpòtan pou gason ak fi nan tan sa pwan anpil pwekosyon nan chwa mariaj yo. Nenpòt fo pa yo fè kapab bay rèl kay makorèl. La vi ou kapab fini nan yon segonn lè chwa yo fèt san volonte Bondye ak envestigasyon sou moun swadizan ki de je nan tèt ou-a! Fè vye dosye ak konplo kont yon moun ki, ou te asèpte angaje-w avèl pou la vi, se pi gwo krim yon monstè kapab komèt.

Antouka, malgre tou bagay, toujou genyen yon Bondye pou malere! Bondye ki anwo nan syèl-la te di yon mo pou mari-a ki te lage dèyè bawo e sèl peche li te komèt: se renmen yon moun ak tout kè-l. Wi ak tout kè-l! Yon lanmou li pat sispann montre nan pye kabann lopital madanm marye-a ki apwè kèk lane mouri ak SIDA.

Peterson Francois

Leave A Reply