Kanada voye yon mizangàd bay sitwayen li kap vizite Jamaik, pandan ke gouvènman Jamaik deklare eta dijans pou volim krim kap pete plafon

0 304

Kenstonn__(TRiboLAND) Sa gen kèlke jou depi ke gouvènman Jamaik la mete yon alonj pou jous 28 Òktòb nan eta ijans ke li te deklare pa twò lontan nan divès destinasyon touristik li genyen lakay. Desizyon te pwan an fonksyon volim krim kap taye bannda nan peyi rasta-a.

 Eta dijans sa ki te anvigè pou zònn Sen Jak, Westmoreland ak kominote Hanover san konte Montegobay, yon zònn ke touris Kanadyen yo renmen anpil. Sepandan, eta dijans pou lokalite tankou kominote Sen Andre ak tout kapital la, Kingston ap kontinye rete an vigè jiska 5 Òktòb.

Antouka, rapò vyolans ki fèt sou touris yo ta sanble ba anpil, sepandan boban akizasyon sou abi seksyèl ki arive fè nan otèl yo egzije lòt peyi tankou Etazini bay yon pinnga seren kont vwayajè kap kandale desann nan peyi Jamaik.

Yon jounal lokal ki pote non Jamaica Gleaner rapòte ke te genyen apepwè 1,616 zak asasinaj ke yo te anrejistre nan lane 2017 la e 335 nan ka sayo te arive fèt nan kominote Sen Jak la sèlman. Otorite anplas yo ankouraje touris yo pou kopere avèk ofisye sekirite yo pandan yap kontinye mache avèk idantifikasyon yo e evite kite otèl yo apwè fènwa.

Leave A Reply