Ayiti demantle sistèm defansiv ekip Kanada-a e rache yon tikè pou demi-final Gòl Kòp 2019 la

0 392

Yèswa nan Huston, Tekzas seleksyon nasyonal-la rafle kanada 3 gòl a 2 e jwenn an gran moun kalifikasyonli pou demi-final Gòl Kòp 2019 la. Avèk yon skò ki te reyèlman degoutan nan premye mitan lòske Jonathan David ki yon natif Ayisyen te make ansanm avèk ko-ekipye kanadyen li, Lucas Cavallini yon skò kraze manm 2 gòl a 0 nan premye 18 minit match la.

Espwa Grenadye yo pat pèdi. Retounen ekip-la apwè seyans motivasyon ak konsinn nan vestyè yo, ekip nasyonal te pwezante yon lòt kalite jwèt trè desizif ki ta pwal desann fe ak chalè Kanadyen yo. Nan sèlman 4 a 5 minut, Grenadye yo ta pwal chanje skò-a avèk yon erè pòtye kanadyen-an, Milan Borjan ki fasilite nimero 50 ekip nasyonal-la, Duckens Nazon manipile rediksyon skò-a.

Detèminasyon Grenadye yo ak dezi pou mete do ekip Kanada-a atè tap manifeste nan nannan jwèt-la. Apwè plizyè menas de tir, ou pwal vinn jwenn yon Hervé Bazile ki pwal benefisye yon abi fizik gadyen kanadyen-an ki okazyone egalizasyon skò-a avèk yon penalite. Grenadye yo te kontinye ap kenbe nan lalwèt ekip advès-la sou enjenyozite yon petit gason Pò a Piman, Wilde Donald Guerrier ki finalman demantle sistèm defans kanadyen ansanm ak gadyen-an granmesi yon lob imajinè ki fasilite yon fwap manman penba.

Leython ap jwe boul pandan li nan telefonn

Tou swit apwè konpetisyon an, Ayiti pat pwan tan pou antre nan yon ebilisyon kè kontan. Plizyè katye atravè peyi-a, espesyalman nan kapital-la tap manifeste nan yon konsè klaksònn machinn ak bann apye, muzik vaksinn avèk konplisite lakannay Petwo bizango. Nan Pòdpè, se te efori san zatann; plizyè kwoup katye, malgre anviwònnman blackout, pat kache kontantman yo nan mete soupye bwit sou kou anbyans lago lago pou onore viktwa seleksyon nasyonal-la. Tandiske, nan fwaye yon sitwayen notab nan vil-la, Leython Corneille, yon jwè foutbòl 6 lane ki tap kriye sanrete nan premye mitan match la, ekspwime yon kontantman enpekab ki te anpeche-l pwan wout kabann.

Konsa Ayiti kalifye pou demi-final! Peyi-a ki deja an ebilisyon kase randevou pou yon lòt match istorik Samdi ki san dout pwal leve imaj yon peyi ki deja gen twòp pou kòl.

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Leave A Reply