Jarzinho Saul Emmanuel Pieter, twazyèm gadyen rezèv ekip Foutbòl Nasyonal Kiraso-a mouri an Ayiti

0 435

Jarzinho Saul Emmanuel Pieter se non youn nan gadyen rezèv ekip nasyonal foutbòl Kiraso-a ki jwen lanmò li nan yon chanm Otèl Maryòt kote ke li te desann pou rankont ki te pwevwa ant Ayiti – Kiraso Madi pwochen nan Estad Sylvio Cator.

Jarzinho, ki fèt 11 Novanm 1987 nan Willemstad, nan Kiraso tap evolye nan klib Foutbòl Centro Dominguito, nan premye divizyon nan Kiraso, te anonse doktè ekip la ke li pat santi li byen e apwè yon konsiltasyon medikal li al domi e li pa jamè leve.

Ekip Nasyonal Foutbòl Kiraso

Dapwè premye ke enfòmasyon yo, yon jwenn gòl kipè-a nan chanm li mouri tèt nèg; alòske anpil espekilasyon ta fè eta de posib kriz kadyak.

Ekip la ki ta dwe pwatike aswè-a nan Estad Sylvio Cator-a, ta sanble demoralize fas a dràm sa ki rive maten an nan kapital Pòtopwens lan. Jarzinho asiste dènye match li ayè Samdi-a kote Kiraso te vide raso sou Ayiti Samdi 7 Septann nan Kiraso (1-0).

Federasyon Nasyonal Foutbòl Kiraso konfime ke eki Kiraso-a ap bèl e byen prezan nan Estad Sylvio Cator pou afwonte Grenadye yo demen Madi 10 Septann nan an gran moun malgre lanmò ki fwape pòt kay yo.

Leave A Reply