Basenble: Depite Sikonskriosyon Denis Saint-Fort distribye soulye, jwèt ak inifòm nan 3e Seksyon Wodèmoustik

0 344

Depite Sikonskripsyon Basenble a, msye Denis Saint-Fort te pwosede ak distribisyon jwèt ak soulye, inifóm pou plis pase 400 timoun lekòl pandan wikenn sila, nan 3e Seksyon kominal Basenble, lokalite Wodèmoustik.

Selon Palmanté PHTK a, jwèt sa yo ki se poupe, balon foutból ap pèmèt ni ti fi, ni ti gason amize yo nan moman vakans dete-a pwiske sezon vakans se monman defoulman pou tout etidyan. Kanta soulye ak inifòm yo, yo pwal soulaje manman ak papa pitit ki toujou an difikilte chak fwa gen ouvèti lekòl.. 

Palmantè 50e lejiskati-a, rapouswib pou di, li toujou akonpanye mandatè li yo paske lavi pa janm fasil pou yo. Yon lavi selon Depite-a ki tèt koupe ak “bat dlo pou fè bè” pandan li deklare se gras ak demach li bò kote enstans nan Leta a, Laprezidans sitou, ki pèmèt li toujou fè jès ak popilasyon Basenble a ki toujou bal bourad nan sezon elektoral.

Kanta benefisyè yo, timoun yo ki te akonpanye paran yo pat manke felisite Depite Saint-Fort pou yon tèl jès. Anpil nan paran sa yo, anviwon 400 konsa, pat kache satisfaksyon yo pou yon parèy inisyativ. Kidonk, yo fè konnen ke ouvèti lekòl 2019/2020-la pap gen twò gwo pwoblèm pwiske depi koulya yo deja gen soulye ak inifòm pou pitit yo. 

Depite Sikonskripsyon Vil Basenble, Denis Saint-Fort

Palmantè nan peyi dayiti vinn tounen ajan devlopman! Konsa, Depite-a anonse tou pwojè konstwiksyon yon mache nan Wodèmoustik, 3e Seksyon kominal Vil Basenble kap evalye a 14 milyon goud, yon pwojè TREZO PIBLIK ap finanse. Toutfwa li fè konnen li gen 3 lane depi lap goumen ak Leta Ayisyen pou konswtwiksyon mache piblik sila-a ki se yon nesesite pou pèp 3e Seksyon an. 

Li enpòtan pou-n raple, pami tout Palmantè Nòdwès yo, selon plizyè obsèvatè, Depite Denis Saint-Fort, se youn nan Palmantè ki toujou prezan nan sikonskriosyon-I; li toujou akonpanye mandatè li yo answit fè ti jès ak yo. Lè se pa materyèl eskolè pou timoun lekòl, se distribisyon manje osinon zouti pou peyizan.  

Wiskis, Saint Jean, TRiboLAND

Leave A Reply