Pòdpè di Rev. Pastè Laurent Espérant orevwa

0 383

Yon sèvitè Bondye, yon modèl, yon ikonn, yon pasifikatè, younn ki double ak sajès, se kèk pami yon pakèt lòt adjèktif ke Rev. Pastè Laurent Espérant kite dèyè nan yon legliz ki nan yon vil ki pa sispann kriye.

Ven jou apwè li te bay dènye soupi li, kò Pastè Laurent ta pwal ekspoze jodi 29 Jwen 2019 la pou yon dènye fwa byen bonè maten nan legliz Batis Konsèvatris nan Pòdpè. Anpil moun te fè deplasman depi vè 8:00 bonè maten pou manifeste respè anvè pi gwo lidè spirityèl kongwegasyon Konsèvatris-la.

Kontrèman a sa yon pakèt moun panse, Pastè Laurent Espérant pa yon natif natal vil Pòdpè; li fèt nan Grann Rivyè Dinò, 2 Daou 1952. Li te etidye Teoloji nan Lekòl Biblik Bòlòs nan Pòtopwens. Nan lane 1981, Pastè Laurent ki te genyen 29 lane, te arive nome kòm Pastè legliz Batis Konsèvatris ki te anba gouvènans Pastè Jansey.

Trè jènn, trè fouge nan levanjil, Pastè Laurent derape ak yon legliz kite genyen 50 manb sèlman ak yon lekòl ki tap mòde lage. Sèvitè-a ki te dosil tou natirèlman te toujou fè pwèv de yon dirijan trè konsilyan e pasyan pwèske nan tout vi li. Antouzyastik ak yon sajès enpwesyonan ki bay moun anvi, Pastè Laurent fè pwèv de yon sèvitè lwayal e motive nan travay Gran Kreyatè-a. Avèk yon detèminasyon san pwan souf, li arive fè yon pakèt travay inovasyon ki arive mete konkwegasyon sou yon lòt nivo modènn.

Visyonè-a arive erije yon konstwiksyon 2 etaj pou etablisman lekòl-la e ogmante divès seksyon tankou: fundamental, segondè, ak pwofesyonèl, yon seri depatman ki jwènn apwi ak sipò Konpasyon. Anplis, Pastè Laurent te genyen plizyè legliz ki te sou gouvènans li tankou nan Sen Lwi Dinò, Diti, Ansafolè, Rivyè Sale ak yon gwo inisyativ Jènn depriyè nan yon lokalite ki rele Mònn Dorima. Dapwè Apantè Andre Robonneau, yon aktif fidèl ki te fè eksperyans avèk defen- an. Sèvitè-a konfime ke Pastè Laurent mouri 9 Jwen 2019 ki sot pase-la; li tap lite ak yon dyabèt konplike. Li kite deyè madanm ak 7 pitit, 3 gason e 4 fi.

Se te yon seremoni “senè ke orevwa” kite ase manch long e ki te solisite pwezans anpil gwo lidè spirityèl. Ak yon pwogram byen elabore kite genyen anndan-l plizyè entèvansyon diferan ki tap trase pakou ak sajès defen-an. Chante, orezon funèb, reflèksyon ak souvni memorab pat manke e ki san dout kap rete imòtèl nan istwa Legliz Batis Konsèvatris ki pa ka seche dlo. Bon kouraj a fanmiy lan ki fè yon pèt kolosal! Ke nanm li repose anpè!

 Corneille, TRiboLAND

Leave A Reply