Kèk Jij CSC/CA ta sanble ap pwese kite peyi akoz menas lanmò yap resevwa chak jou

0 260

POTOPWENS (TRiboLAND) Nan yon rankont solidarite ki te fèt yè jedi-a ak kèk manb “Ensemble contre la Corruption”, Pwezidan an Msye Pierre Volmar Desmesyeux kite akonpanye de lòt konseye, Marie N. Féthière ak Rogavil Boiguéné devwale se pa ti mònn entimidasyon Jij Lakou-a ap monte pwèske chak jou Bondye mete. Menas lanmò kap fèt de fason anonim se bagay enkwayab; sepandan yo toujou gen detèminasyon pou ale jisko bou ak dosye-a.

Konsa, depi yo te finn mete dezyèm rapò odit final-la sou Fon Petwokaribe-a deyò, yap resevwa menas tout lanwit ak lajounen ki ta menm di yo ke yo pap menm gentan wè pwosè Petwokaribe-a, yap gentan mouri! Kidonk, tantativ sa yo oblije kèk nan Jij Kou Siperyè-a chape pou-l yo yon fason pou pwoteje vi yo ak vi fanmiy yo.

“Objektif ou zak malonèt sa yo, se arive rann CSC/CA disfonksyonèl yon fason pou etènn souf pwosè Petwo-a ak revandikasyon kap fèt pou pouswiv tout koupab ki danse Petwo yo, selon Dirèktè egzekitif Conseil Haitien des Acteurs Non-Etatiques (CONHANE), Msye Edouard Paultre ak kèk manb nan “Ensemble contre la corruption”.

Leave A Reply