Responsab UNNOEH yo estime Grèv Avètisman pou 2 jou a respèkte

0 362

Triboland.com 01-21-2019

Grèv Avètisman 02 jou (Lendi 21 — Madi 22 Janvye 2019 responsab Anseyan yo te lanse atravè peyi apou fóse otorite konsène yo pran responsablite yo fas ak revandikasyon anseyan sa yo k ap bourike nan sal klas yo san touche yon goud , sanse rèspète nan kwen Depatman Nódwès la.

Majorite lise, lekól pibliknou te rive vizite nan kèk komin nan rejyon Nódwès la , malgre prezans sèten Pwofesè, se flannen elèv yo t ap flannen sou Lakou Lekól yo.

Responsab UNNOEH, branch Nódwès, pwofesè Antoine Macdonet deklare :” Si Leta Ayisyen pa vlepran responsablite l vizavi revandikasyon anseyan sa yo, se pou l fèmen pót lekól “.

Triboland Staff Writer

Leave A Reply