Pwezidan Danilo Medina remèt 130 kle bus pou twanspòtasyon piblik

0 319

Sen Domeng__(TRiboLAND) Nan sousi pou elaji ak amelyore system twanspòtasyon piblik la atravè Repiblik Dominikènn, Pwezidan Danilo Medina ayè Madi-a remèt 130 kle bus tou limen bay otorite Biwo Metwopolitènn Sèvis Bus (OMSA), direktè Hector Mojica. Veikil sa yo ki tou fwe ak apènn dekachte pwal sèvi pou bay jarèt a movman twanspòtasyon piblik atravè tout peyi panyòl lan yon fason pou fasilite deplasman yon zònn ak yon lòt zònn ak pou jenere plis grese sere ekonomik.

Konsa, responsab OMSA yo gen pwiyorite pou ranfòse koulwa Gran Sen Domeng lan ak Santiago-a; sependan anpil nan bus sa yo pwal delivwe bay plizyè pwovens yon fason pou elaji kad twanspòtasyon piblik nan yon seri zònn iben kap pwan wout devlopman.     

Leave A Reply