Jovenel Moise: Yon pwezidan kap viv nan ilizyon e ki pap dirije

0 448

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Malgre tout divèjans ki te ka genyen ant Ayisyen jounen jodi-a, yon sèl verite yo tout te kapab dakò sou li se: “Pwezidan Jovenel Moise nan yon eta vejetatif, li nan lespas e konplètman pap dirije anyen”. Genyen ase pou moun ta kòmanse ap kesyone abilite kognitiv chèf deta-a ki ta sanble ap viv nan yon monn ble ak nan konstan izolman pwèske chak jou.

Reyalite-a, pwezidan ap mete tèt li nan plis petren chak jou Bondye mete. Arogans ou menas dezespere ki tèt koupe ak yon malad “zo ak po” ki pwal trepase-a, ap anvlime sitiyasyon-an. Pwezidan enkilpe-a, pa sispann bay aparans ke li detèmine pou ale jiskobou. Wi, moun ka konpwann e wè sa! Sepandan, avèk sekans manifestasyon san rete sa yo ak yon kò polis ki limite e pat pwepare pou pwotestasyon kap dire ase lontan konsa; yon moun mèt atann pwal genyen yon fatig ki kapab okazyone yon “lèse ale” ou byen yon “kraze kite sa”, oubyen yon“nan mal nan mal nèt”. Konsa, atitid sa ka kreye nenpòt ki lè gwo reyaksyon ki kapab regretab!

Konsepsyon jiskoboutis Pwezidan Jovenel Moise la, agrave sitiyasyon plis. Konsa, li pa kite okenn pòt louvwi pou-l ta menm negosye sòti-l. Anplis, moun gen bouch mare chak jou akoz deteryorasyon evenman yo; moun pa sispann mouri; yon palman ki chita sou yon pil fatra san wont, chak jou ap pase tèt li nan plis rizib yon fason pou yo pa pèdi tout sa yo vòlè nan kòripsyon; kidnapinn ak ranson ap bay komèsan repinyans; menas baboukèt ak eliminasyon divès manb Lapwès; ensekirite ap pwan yon vitès entenab e ki ta sanble ap alimante avèk nèg ame ki nan antouraj palè nasyonal pa sispann ekstèmine vi yon pakèt moun zèl sapat ki tou senpleman ap mande yon minimòm pou suviv; egzasyon sou vi ak byen sitwayen yo; aktivite gang kap fè laterè ak anpil lòt bagay ki fè moun santi ke pa gen gouvènabilite menm pou jere yon chanm kay.

Se malere, Msye Moise poko ka reyalize ke lap mete krim sou krim; e tout akolit ki soti pou fè-l ale jiskobou pap janm kanpe nan tribinal entènasyonal avè-l. Deja, genyen rapò òganizasyon tèt kole yo revele enplikasyon pouvwa-a nan zak asasinaj yon pakèt pòv inosan nan plizyè geto. Tout zak sa yo pa sipoze rete enpini!

Se sèten, avèg nan koulwa palè-a vle dirije avèg ki sou pouvwa-a kap viv nan lespas. Pwan konsyans, vi-w pa pi enpòtan ke vi ti malere ke polis ap touye chak jou nan lari-a. KRIM PHTK yo, rive nan bout yo! Apwè 7 lane vòl, kòripsyon, gang, enpidisite ak de-imanizasyon nou pa kapab kontinye nan Eskadwon Demokratik Demalòg toujou.

Leave A Reply