Nòdwès ki chita sou fatra depi kreyasyon nasyon an, prefere swiv sinema nasyonal ki rele “chat kouri dèyè chat” la

0 322

Sa gen lontan, vag pwotestasyon ap mande prezidan Jovenel Moize pou kite tèt Leta-a akoz enplikasyon-l nan Fon Petwokaribe-a. Selon Kou Siperyèdèkont, pwezidan-an te konn danse Petwo ak gouvènman Matelly; yon lòt tou ki tap pwomote mouvman devègonde, imoralite, gang, pwogram sosyal kokorat, kòripsyon, yon fason pou te chante antèman peyi nèt la. Antouka, Jovenel Moise te gentan ap naje nan fwod ak danse nan kòripsyon menm avan li te vinn pwezidan. Konsa, li repete e aplike tout sa parènn li te konn fè avan sou pouvwa-a.

Antouka, Msye Prezidan, fwa sa ou resi pa konnen pwoblèm Depatman Nòdwès! Malgre a plizyè repriz ou pwan pèp nòdwès nan tonton nwèl ak yon grap manti san pidè ak je chèch; men malerèz nan depatman an te toujou trete-w avèk respè, yo te toujou asèpte bwè te korosòl ak kalman dodo titit ke senatè ak depitè kòronpi parèy ou yo te konn pwomote. Koulya, me sa nou reyèlman vle! Nou ta byen renmen tande ou menm ak tout eskanmòtè eli Nòdwès yo; pou yo vinn pale de wout kafou jòf la, baraj Twa Rivyè-a, wàf la, ak anpil lòt lòbèy ou menm avè yo te pwomèt!

Anpil nan eli sa yo gentan fè fòtinn menm jan avè-w sou zo ren pèp mizerab sa-a. Kòb ki te dispose pou lopital imakile Konsepsyon-an te pase nan kanpay anpil nan nou; malerezman nou te kontinye ap pase moun anba rizib. Koulya papa, bwa mare! Yo kòmanse ap idantifye yon pakèt sispèk! Li enpòtan pou Nòdwès gade tout san fwa li nan moman nwa sa ki anvayi tout kè sitwayen serye Nòdwès ki valorize entegrite sou tèt dezonètete. Avèk ou menm e ansanm senatè ak depite ki ankò yon fwa twonpe sitwayen pèzib ak naif nan depatman an, se kou sou kou!

Pwezidan! Ou fè nou santi ke se moun ki pi sòt ke nou ye nan peyi-a. Non sèlman ou twonpe nou, men ou fè nou wont onivo nasyonal ak entènasyonal sitou nan enkonpetans ou ak nan dezonètete-w. Koulya, non ou ap fè gwo bwi nan tout jounal ak televizyon nan lemonn kòm chèf deta ke yon endekse nan sakèt leta. Ajoute sou sa pwezidan, volim krim, vòl, vyòl, ensekirite nan twanspò, kidnapinn, abi pouvwa ak aktivite gang e asasinaj yo tout karakterize gouvènman-lan! Konsa, pa gen oken peyi ki kapab arive asèpte ou dijere yon premye sitwayen peyi-l twouve-l osant de yon seri zak imoral konsa! Se pa paske yo te mandate-w, pou-w panse ke ou dwe rete malgre gwosè dega sa yo kap finn detwi peyi-a! Mister President, you must go! Sa se twòp atò!

Pandan setan, nou menm nan Nòdwès, nap koutinye chita sou ti chèz ba nou, pou nou gade kòman sinema-a ap fini. Gen anpil jènn nan depatman ou te konn lague yon ti grapyay nan men yo; e ou te konn fè li sou baz pou yo pètibe ou kraze souf tout leve kanpe kont ou menm ak tout akolit machann bannann piyajè eli Nòdwès yo ki finn rich nan vye tranzaksyon ak resèt nan bwat leta yo.

Dèyè Mache Bòdmè vil Pòdpè-a

Pèp Nòdwès, ke ou te konn jwenn nan men yo ou pa; pa okipe pèsonn moun kap rale-w yon fwa ankò, nan yon kan. Tout pouvwa ki pase yo pa janm konnen si nou egziste; nou se depatman ki pi pòv e sal nan peyi-a. Nou leve ak kochon, nou dòmi ak kochon sou fatra ak labou; pa menm po banann lan nou pa arive jwenn pou yon zònn ki bay prezidan, premye dam, Senatè ak depite ki pa sispann fwape lestomak yo nan Pòtopwens!

Sonje nan tout konkonbwèt lajan oubyen èd finansyè, Nòdwès pa janm jwenn yon azipopo ki onèt, sansib, e ki gade nan ki volim fatra wap naje. Pa koute moun kap mete-w devan pou kraze bwize nan yon depatman ki deja genyen pou kòl. Gade byen, nap bwè pousyè ansanm, nou nan labou ansanm, nou pa genyen dlo, wàf, wout, sant medical, lekòl, sant pwofesyonèl, asirans vi, anployabilite, sekite sanitè, devlopman ekonomik ak anpil lòt bagay ke azipopo yo te pwomèt nou. Sispann divize tèt nou! Pa kite oken politisyen fè-w konnen ou te manje nan lajan- an tou. Sonje, devan gagòt ak gaspiyay ke yo fè nan achte gwo kay, nan asosye avèk lòt biznis nan peyi etwanje, se bagay ki pou fè-w gen kriz!

Finalman, jou ap konte pou sa kaba! Jou ap konte tou pou manje ranje yo al danse Petwo! Nou vle di yo, naje pou soti! Nou pat manje pwa nou pa ka bay lapire! Akote dilapidasyon Fon Petwokaribe-a, Nòdwès dwe gen yon pwosè espesyal pou lague koukourouj dèyè eskanmòtè politisyen eli yo ki lague-l nan eta sa.

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Leave A Reply