Yon lòt fwa ankò American Airlines supwime nan kantite vòl li yo ki relye Mayami avèk Pòtopwens.

Nan 20 Dawou kap vini la, pasajè ki abitye fè Mayami – Pòtopwens pwal inikman gen aksè a yon sèl vòl sèlman, selon nòt de pwès konpayi American Airlines lan jodi 13 Dawout 2019 lan.
Dapwè pòtpawòl konpayi avyon an, Martha Pantin, rezon diminisyon vòl yo chita sou pwoblèm aksidan ki fèt avèk aparèy Boeing 737 Max la ke yo itilize sou sikwi Ayiti – Florid la.
Toujou selon konpayi-a aktivite vòl pawozaj yo ap kòmanse nan Mayami vè 14è 39 e lap rive nan èpòt Entènasyonal Tousssaint Louverture vè 16è 46. Tandiske, vòl kap kite Ayiti vè 17è 46 pou rive Mayami vè 20è nan aswè.






