Sena Ayisyen an ap fè bwas pou yon evantyèl fonksyònman

0 368

Pòtopwens__TRiboLAND Sous Triboland yo konfime ke Sena Ayisyen an ap fè bwas yon fason pou li retounen fonksyone nòmalman. Kidonk, avan weekend nan, Prezidan Sena-a, Carl Murat Cantave te chita tande avèk yon ti ponyen Senatè nan lespwi pou devlope ladrès ak teknik ki kapab fasilite yon evantyèl fonksyòman Sena-a san konte deplòtonaj kriz politik-la.

Anpil moun estime, yon parèy jwèt marèl se yon efò initil, yon jwèt fiyèt lalo, e se lave men swiye atè sitou lè ou konnen se menm Sena sankoutcha, imoral, ak kòriptè sa-a ki kontribwe nan efondreman peyi Desalinn nan. Konsa, li difisil pou moun konpwann avèk ki kouraj e ak ki tit bagay sa-a ki rele tèt li Sena pwal vinn fonksyone nan figi moun toujou.

Tantative pou resisite Sena-a ki pwan nan mera e ki fann kon bè chalonè depi kèk tan, ta sanble yon bagay moun kap depale e ki fè pwèv inyorans ak iresponsabilite fas a kri dezespwa pèp Ayisyen-an. Toujou, toujou, ta sanble se moun ki pa konpwann anyen nan anyen! Nap raple, Sena sa-a, se yon enstitisyon grenn senk, yon kavènn ki chaje ak ganstè, dilè dwòg, bandi legal, piyajè ki akapare tout enstitisyon etatik yo e ki bay yon pakèt milyonè ak asasen kap fè Ayisyen kriye midi e swa. Se yon senbòl de “Wont Nasyonal” pou peyi-a ak lemonn!

Sena-a ak tout Pwezidans lan pa ka mèt afè-a, epi yap eseye fè tantativ pou deplòtonnen kriz la. Li evidan, anpil moun kite chèf ap kòmanse santi ke yo pa chèf ankò! Sa-a, moun ka konprann ke yo reyèlman anpann chèf! Men, li difisil pou yon moun arive konprann ki sa ki nan sèvo swadizan dirijan sa yo, ki jouska pwezan yo pa reyalize ke yo pa gen anyen pou yo dirije-la.

Kidonk, si nan sa nou ye la, ou pa jwenn swadizan dirijan ki pa reyalize ke se moman ki pi pwofitab-la pou yo ta bay demisyon yo; se sèten, anpil nan yo dwe ale wè yon doktè pou pwoblèm bon nanj.

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

kredi foto: vedeth

Leave A Reply