Enèji: tèminal Thor resevwa yon gagezon 200 mil barik gazolenn

452

Pòtopwens___(TRiboLAND) Pandan ke tansyon ak van panik pou ratman gaz ap soufle nan tout ponp gaz atravè peyi a, tèminal Thor nan komenn Kafou resevwa yon gagezon 200 mil barik yè apwè midi madi 16 jwen 2020 an.

Nouvo stock pwodwi petwol sa, ki te anonse sou kont tweetè sekretè Deta Kominikasyon an, Eddy Jackson Alexis, genyen ladan l tou apepwè 40 mil barik kewozenn.

Koulya, se konnen ki enpak sinifikatif nouvo arivaj sa pral genyen sou mache a nan yon moman kote ke majorite pwopwiyetè ponp yo chwazi vann lè yo vle, fèmen pòt yo lè yo vle yon fason pou fè mache nwa anba je yon leta bèbè.

Comments are closed.