Plizyè bonm Al Shabaab touyé apepwè 16 nan Kenya ak Somali

0 258

NAYROBI (TRiboLAND) Bandi Somalyen touye yè Samdi-a apepwè wyit polis Kenyen nan zatrap bonm tou pwe moso tè ki separe peyi Kenya ak Somali; alòske wyit lèzòt ta mouri tèt nèg nan yon lòt bonbadman nan kapital Somali-a, Mogadichyo, dapwè yon rapò ofisyèl.

Mesye batayè Islamis ensijye Somalyen yo ki te kidnape ayè Vandredi-a apepwè twa rezèvis fòs polis Kenya nan zònn Wajir, ta revandike atak sila yo.

Antouka, fòs militè Kenya yo okipe depi 2011 lizyè Sid Somali. Yo jwenn sipò yon fòs makrèl geriya Somalyen ki toujou ap fè fas kare ak gwoup tèroris al Shabaab ki vle pwan kontwòl zònn fontalyè-a apwè plizyè zak kidnapinn.

Konsa, objektiv santral al Shabaab se batay san pwan souf kont ti leta po pistach Somali-a ki jwenn fèb mwayen bò kote Nasyon Tèt kole yo (Nasyon Zini) ak yon seri peyi sou flantchou entènasyonal, yon fason pou ka arive enpoze yon seri lwa islamik nan Somali.

credit photo: The Express Tribune

Leave A Reply